Kanada siyen yon akò ki vize ranfòse kapasite PNH la

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kanada siyen yon akò ki vize ranfòse kapasite pnh la

Anbasad Kanada an Ayiti fè konnen, Komisè Adjwen Lapolis Wayal Kanadyen an, Michael Duheme, te siyen mèkredi 18 janvye 2023 sa a yon nouvo pwotokòl akò ki vize fasilite koperasyon ant Ayiti ak Kanada epi tou pou ranfòse kapasite Lapolis Nasyonal Ayiti a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Komisè Adjwen Lapolis Wayal Kanadyen an, Michael Duheme te vwayaje an Ayiti ayè Mèkredi a, akonpaye pa Anbasadè Kanadyen an Sébastien Carrière, li te rankontre plizyè gwo ofisye nan Lapolis Nasyonal Ayiti a, ki gen ladan Direktè Jeneral entitisyon polisyè a, Frantz Elbé. 

« Jodi a, Komisyonè Adjwen Lapolis Wòyal Kanadyen an, Michael Duheme te siyen yon nouvo pwotokòl akò pou fasilite koperasyon ant 2 peyi yo ak ranfòse kapasite Lapolis Nasyonal Ayiti a « ,  te ekri Anbasad Kanada an Ayiti sou rezo sosyal Twitter a. 

Li enpòtan pou nou raple, vizit sa a te fèt aprè peyi Kanada te fin voye semèn ki sot pase a, yon lòt lo machin blennde sou teritwa nasyonal la, alòske yo te jwenn anpil kritik akoz premye lo machin blennde ak ekipman yo te voye pou lapolis naysonal la  ogmante efikasite yo nan lit y ap mennen chak jou kont bandi ak zam nan peyi a pat bon kalite. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.