Kantite Ayisyen k ap antre Bahamas yo te ogmante pandan ane 2022 a, daprè minis Keith Bell 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kantite ayisyen k ap antre bahamas yo te ogmante pandan ane 2022 a, daprè minis keith bell 

Minis Travay ak Imigrasyon Bahamas la a, Keith Bell, fè konnen ayè Mèkredi  a, nan ane ki sot pase a peyi Bahamas te anrejistre yon ogmantasyon de 51%  nan kantite imigran Ayisyen  k ap antre parapò ak lane 2021 an. 

Daprè sa minis lan rapòte, nan ane 2021, otorite Bahamas yo te kenbe epi rapatriye 226 imigran kiben, li te di pou lane 2022 a, nonb sa a te ogmante a peske 800 pou rive nan 1001 imigran kiben, tout pandan  Chèf Travay ak Imigrasyon nan Bahamas la, revele se menm bagay la ki fèt pou imigran Ayisyen yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrèman vre, nan lane 2021 an peyi Bahamas te rapatriye 2 219 imigran Ayisyen, epi nan lane 2022  te vin gen yon ogmantasyon ki pase a plis pase 1 100 imigran Ayisyen, lè otorite peyi sa a te voye tounen an Ayiti 3 349 imigran Ayisyen. 

Yon lòt bò, Minis Keith Bell, te tou mete aksan sou defi migrasyon peyi Bahamas ap fè fas, se sak fè li te avèti moun k ap viv ilegalman nan peyi sa a, pou yo kite peyi a san pèdi tan, epi li mande popilasyon Bahamas la a, pou yo sispann bay imigran ki ilegal yo travay ak kote pou yo rete nan peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.