PSG kapab konte sou Mbappé fas Bayern nan Champions League la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
psg kapab konte sou mbappé fas bayern nan champions league la

Anonse absan pou match chòk nan Champions League la, jodi dimanch lan, Kylian Mbappé antrene ak ekip Paris Saint-Germain an. Yon posibilite pou li ta menn lis jwè kap afwonte Bayern madi 14 fevrye, nan kad 8tyèm final ale Champions League la.

Meyè bitè Mondyal 2022 a antrene ak ekip Paris Saint-Germain ab aprè staff teknik lan te anonse li fòfè pou match chòk nan Champions la madi 14 fevrye kap vini la. PSG ki gen gwo pwoblèm aprè li fin elimine nan « Coupe de France » epi pèdi pou yon 4yèm fwa nan Ligue 1, pa gen pou l fè erè fas ekip Bayern nan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè Monaco te fin bimen yo nan Ligue 1, antrenè a tè fè konnen yo pa pran okenn risk ak star Fransè a. Men daprè l’Équipe, yon jounal nan peyi Lafrans, fè konnen jwè a antrene ak tout ekip la jodi dimanch, li kapab nan lis jwe kap gen pou jwe madi fas ekip Bayern nan. Pandan staff medikal la te fè konnen li blese pou 3 semen.

Nan menn sans sa, Messi ak Verratti ki te ensèten pou match sa nan lis pou afwonte klèb almann an nan Parc des Princes lan pou match ale Champions League la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive