Yon milyadè peye 2.4 milyon Ewo pou l al gad Messi ak Ronaldo 

Jephte Pascal
Par Jephte Pascal  - Rédacteur
yon milyadè peye 2.4 milyon ewo pou l al gad messi ak ronaldo

Paris Saint-Germain ap jwe yon match amikal kont yon ekip sipèsta Arabi Sawoudit, 19 Janvye sa. Se Cristiano Ronaldo k ap kapitèn ekip sa. Yon milyadè lage 2.4 milyon Ewo sou yon biyè pou l ka gad match la. 

Cristiano Ronaldo pral jwe premye match li depi lè l rive nan peyi Arabi Sawoudit la. Li se kapitèn yon ekip ki melanje jwè Al Nassr ak Al Hilal k ap afwonte PSG nan yon match amikal. Match sa fè bouch moun kouri dlo paske se kapab dènye bab pou bab ant Messi ak Cristiano.  

Gen yon milyadè ki pa deside rate match sa pou pyès moun. Se sa k fè l achte yon biyè nan vant ozanchè. Biyè sa koute l 10 milyon riyal ki evalye à 2,4 milyon Ewo. Vant sa te kòmanse apati de yon milyon riyal e se Turki al-Sheikh, konseye kou wayal la ki te òganize l. 

Mushref al-Ghamdi ki achte biyè sa a se miltimilyadè ki fè fòtin li nan imobilye. Se yon jeyan nan domèn sa. Li peye biyè a nan pri fò a paske se petèt dènye match Messi ap kwaze Cristiano nan foutbòl pwofesyonèl la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.