Karim Benzema ofisyèlman kite Real Madrid

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
karim benzema ofisyèlman kite real madrid

Nan yon kominike ki pibliye jodi dimanch 4 jen an, direksyon Real Madrid la anonse atakan vedèt yo an, Karim Benzema, kite klèb la aprè 14 lane sou koulè Merengue yo.

Yon avanti ki pran fen aprè 14 sezon depi atakan fransè an te kite Olympique Lyonnais pou rejwenn chanpyona espanyòl la. Karim Benzema kite Mezon blanch lan pou rejwenn Saudi Pro League la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kapitèn Real Madrid lan pral siyen nan klèb sawoudyen Al-Ittihad. Daprè enfòmasyon ki sòti nan Laprès espanyòl, atakan fransè 35 lane a ap gen pou resevwa yon gwo salè nan Saudi Pro League la ki kontinye ap akeyi jwè ki fè non yo nan foutbòl ewopeyen an.

Karim Benzema ki te rejwenn Merengue yo nan lane 2009, aprè pasaj li nan ekip Olympique Lyonnais an, reyisi kite anprent li nan istwa klèb espanyòl la. Atakan fransè a se senkyèm jwè ki jwe plis match sou koulè Real Madrid epi se dezyèm meyè bitè istwa Mezon blanch lan avèk 353 gòl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.