Sèlman 2 jou aprè lansman ofisyèl sezon siklòn lan, plizyè komin nan peyi a leve anba gwo lapli, pami yo komin Leyogàn ki deja inonde epi resanse plizyè mò.
Jodi samdi 3 jen an, plizyè videyo ki viral sou rezo sosyal yo montre anpil dlo nan site Anacaona a. Selon kèk sous, aprè vil la, plizyè lokalite tankou Sayira, Bwa lam, Kasany, Kada, Bèl fòtin, Danpis ak Lonpre, ta ap fè fas ak gwo inondasyon.
Lopital Sent Kwa ki chita kò l nan kè vil la, pa epanye ak inondasyon sila. Responsab yo, sou paj Facebook enstitisyon an, lanse yon S.O.S.
Okenn bilan ofisyèl pako disponib, men daprè plizyè temwanyaj, inondasyon an ta lakoz plizyè moun, bèt, deja mouri san konte machin ak lòt byen dlo ta pote ale.
Meri a bò kote pa l, nan yon piblikasyon sou Facebook, fè konnen : « Meri Leyogàn regrèt diferan travay ki fèt nan nivo Rivyè La Wouyòn avan n rantre nan sezon siklòn 2023 a, sou lidèchip Majistra Ernson HENRY avèk sipò kèk patnè etranje, pa anpeche rivyè sila a kontinye mete popilasyon an nan gwo difikilte, menmsi sa te ka pi tris […] », san l pa pataje mezi l ap mete anplas ak lòt ensitisyon ki konsène yo pou fè fas ak katastwòf sila.
Yon sitiyasyon ki rive alòske nou poko menm atake mwatye nan sezon siklòn lan, epi poko menm fè fas ak yon siklòn piske, daprè proteksyon sivil, lapli sa ki plede ap tonbe an se jis yon move tan inite idwometewolojik Ayiti te anonse.
Kredi Foto: Elohim CP
Facebook Comments