Kèk ajan UDMO byen wonfle komisè Okap la Charles Edouard Durand

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kèk ajan udmo byen wonfle komisè okap la charles edouard durand

Yon bakòp ki te chaje ak ajan UDMO nan vil Okap kale tankou vagabon komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, nan lannwit 13 pou louvri mèkredi 14 fevriye a paske komisè a te mal pake machin li.

Daprè enfomasyon plizyè avoka pibliye sou kont Facebook yo, li te nan lè 8è PM, lè te genyen yon ti bouch louvri ant CG Okap la ak kèk polisye UDMO, ki te estime komisè a pa t byen pake machin li sou yon wout nan vil Okap.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa kèk konfrè nan Okap aprann nou, polisye yo te egzije Mèt la pou l te deplase machin li. Aprè kèk bat bouch, kèk pawòl piman bouk te kòmanse repete, ajan fòs lòd yo te louvri pataswèl sou komisè a, daprè sa redaksyon an aprann.

Pou kouwèl ye la, okenn dokiman ofisyèl nan aparèy jistis la poko sòti sou ensidan sa. Poutan, plizyè avoka deja mande pou lajistis louvri yon ankèt prese prese, pou blayi limyè sou sa ki rive komisè a.

Nap raple, se komisè Durand sa ki te fèmen 5 janvye 2024 pase a disko « Tipsy Bar » ki nan ri 22 C, aprè 2 fanm ta fin fiyanse ladan l nan dat 4 janvye 2024 la. Depi 10 jiyè 2023, Mèt Durand Charles Edouard mandate pou l te gouvène Okap kòm komisè gouvènman. Avan sa, li te komisè gouvènman Gran Rivyè nan nò peyi a, sou yon manda 2 lane.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.