Kèk Inivèsite deside fèmen pòt yo akoz ensekirite an Ayiti

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kèk inivèsite deside fèmen pòt yo akoz ensekirite an ayiti

Pwoblèm ensekirite a nan peyi a se yon pwoblèm konplèks ki deja gen anpil kòz, tankou povrete, mank opòtinite ekonomik, koripsyon, vyolans ak ajitasyon politik elatriye. Konsa tou, ensekirite a gen gwo konsekans negatif sou edikasyon ak avni etidyan yo nan peyi a.

Vrèman vre, akoz ensekirite a ki ap ravaje peyi a, kèk inivèsite nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens lan
fòse fèmen pòt yo. Yon pwoblèm ensekirite ki gen plizyè fòm, tankou krim, vyolans elatriye, sitiyasyon sa ki vin rann anviwònman inivèsite yo nan peyi a danjere pou etidyan, pwofesè ak anplwaye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se nan kontèks sa, Fakilte Medsin ak Syans Enfimyè nan Inivèsite Notre Dame Dayiti oblije fèmen pòt li, omwen jiska 27 mas akoz ensekirite a, daprè enfòmasyon Dekana Fakilte a fè konnen, tout pandan Dekana entitisyon an afime kou yo ap toujou fèt an liy, epi estaj yo ap kontinye.

N ap note plizyè lòt inivèsite nan Kapital Pòtoprens lan te deja fèmen pòt yo akoz pwoblèm ensekirite a. Sepandan, inivèsite sa yo te kontinye travay an liy nan lide pou etidyan sa yo pa pèdi ane a.

Se sak fè, anpil nan inivèsite sa yo fè konnen, li enpòtan pou otorite Ayisyèn yo pran mezi efikas pou amelyore sekirite ak pwoteje sitwayen yo, enkli etidyan ak anplwaye inivèsite yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.