KenFS fè fanatik li yo kado 100 000 mo

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
kenfs fè fanatik li yo kado 100 000 mo

Nan lide pou l selebre ba senbolik 100 000 abòne li franchi sou Youtube, KenFS soti yon mizik ki titre 100 000 mo. Ladan l, rapè a aleje kè l de pwa ki te sou li a.

Li pa posib pou nenpòt ki rapè monte sou yon bit ki dire 13 minit epi plase pawòl ki sanse sèlman. Se sa KenFS rive fè nan nouvo mizik li a, 100 000 mo. Se konsa li selebre 100 000 abòne Youtube li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan mizik sa, rapè Pòdepè a pa sispann repwoche tèt li nayivte l e jan li kite moun jwe ak bonte l pandan tout karyè l. Li pale anpil tou de desepsyon li kwaze sou chimen sa. Li pa manke montre rekonesans li Pou fanatik li yo ki toujou sipòte l, dayè se pou yo menm mizik la fèt.

Li kase randevou avèk yo pou lane 2025. Sa ki souzantann atis la p ap mete pyès pwojè deyò pou rès 2024 la. Ane pase li te soti albòm Panda a ki te kontre yon gwo siksè epi li te fini ane a ak yon EP li te titre RAS (Rien À Signaler).

KenFS adrese l ak kèk atis, petèt ansyen kolaboratè l, nan fen mizik la. Li fè konnen se poko gè a sa. Sèl non li mansyone kòm atis, se Krispèk. Rapè a fè konnen l ap tann eskiz nan men konfrè l la. Yon bèl tèks ki kache anpil istwa dèyè l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.