NETALKOLE

Kenskòf : 4 moun mouri anba bal bandi nan zòn Fò Jak, pami yo yon Anplwaye TNH

Bandi ak zam sasinen gran lajounen jedi 23 fevriye a 4 moun nan komin Kenskòf, pami viktim yo, Nadal Sénat, yon chofè nan Televizyon Nasyonal Dayiti, ansanm ak yon frè l. Zak sila a pase espesyalman nan katye Fò Jak, daprè kèk moun nan popilasyon an se ta bandi ki fè pati baz Vitelhomme Innocent yo ki ta gen dwèt yo tranpe nan krim sila a.

Li te apenn 5è nan aprè midi, van ensekirite a ta pral mete dlo nan zye fanmi 4 moun, pami yo, yon anplwaye Televizyon Nasyonal Dayiti, bandi san ginen sasinen ak katouch 4 sitwayen ki t ap regle penitans yo, Nadal Sénat, yon chofè estasyon Televizyon nou site anlè a, ansanm ak yon frè li, fè vwèl pou peyi san chapo anba men malfwa san manman.

Daprè kèk manm yo nan popilasyon an ki te temwen ensidan an, se ta gwoup gang « Kraze Baryè » a ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent, ki ta lotè zak sasinay sila a, toutfwa, okenn enfòmasyon ofisyèl poko revele vrèman, idantite inisyatè sasinay sa a. Anplis 4 moun yo ki pase wout lavi ak trepa, plizyè lèzòt soti blese, toujou daprè pawòl temwen yo.

N ap raple, anviwon komin Petyonvil yo depi yon sèten tan vin inaksesib pou popilasyon an, ensekirite a k ap taye banda tribò pa bò lakòz gwo laperèz nan tout rakwen. Sa ki pi tris la, pyès moun pa epanye anba machin ensekirite a.

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155