Kidnapin : kamarad Whenchel Chéry yo pran lari pou mande liberasyon l

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
kidnapin kamarad whenchel chéry yo pran lari pou mande liberasyon l

Plizyè jou depi aprè anlèvman l, etidyan Whenchel Chéry Ribel Jeanty toujou nan men kidnapè yo. Nan lide pou jwenn liberasyon l, kamarad li yo te pran lari ayè mèkredi 1ye mas la nan Pòtoprens.

Dimanch 26 fevriye 2023, nan zòn Delma, nèg ak zam te mete lapat nan kòlèt jenn inivèsitè a nan moman l t ap rantre lakay li, aktyèlman yo mande gwo lajan pou libere l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsa, pankat nan men, plizyè jenn fanm ak gason ki sòti nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik epi INAGHEI te pran lari, ak sipò plizyè lòt moun, pou mande otè zak yo libere Whenchel Chéry Ribel Jeanty, paske li pa gen kòb, « se pitit soyèt li ye ». Ak anpil kòlè, yo pa t met dlo nan bouch yo tou pou kritike movèz jesyon pouvwa anplas la fè de ensekirite a.

N ap raple swit ak anlèvman l nan dat 26 fevriye pase a, bandi yo te kontakte fanmi an pou mande 200 mil dola vèt kòm kondisyon liberasyon l. Pwòch Whenchel yo te oblije di yo pakonn ki sen pou yo rele paske yo pa gen kantite lajan sa nan djakout yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.