Sherly Jeudy pap ka jwe pandan 6 ak 8 semèn

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
sherly jeudy pap ka jwe pandan 6 ak 8 semèn

Sherly Jeudy youn nan bon eleman seleksyon nasyonal fanm lan te blese nan final baraj pou kalifikasyon Mondyal fanm yo fas ak ekip Chili a (2-1). Nan yon kominike, Federasyon Foutbòl Ayisyen an anonse jwèz Grenoble Foot38 la pap ka pile teren pou 6 ak 8 semèn, men Grenadyè yo ap kapab konte sou li pou Mondyal 2023 nan peyi Ostwali ak Nouvèl Zeland.

Federasyon Foutbòl peyi Ayiti a fè konnen mèkredi premye mas la, jwèz Grenoble Foot38 la, ap rate 6 ak 8 semèn san jwe foutbòl, paske l gen yon blese nan jenou dwat li nan match Ayiti fas ak Chili a, nan kad match pou kalifikasyon Mondyal fanm yo, k ap fèt mwa jiyè 2023 sou kontinan Oseyani an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sherly Jeudy se yon pyès enpòtan pou gwoup sa ki sot ekri yon paj istorik nan foutbòl fanm nan fas ak ekip Senegal la, li te fè yon gwo match, kote li te bay 2 pas gòl. Yon rankont Ayiti te genyen 4-0.

Pou kounya jwèz la ap resevwa swen, aprè l ap kapab rejwenn klèb peyi Lafrans lan, pou l ka mete yon bout ak sezon an epi rejwen Grenadyè yo pou preparasyon Mondyal 2023 a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive