Bandi ak zam k ap opere nan zòn matisan te kidnape ayè vandredi a kibòdis djyaz Disip la Sexy Joe, kèk minit aprè, li ta pral libere kòmkwa se ta yon erè bandi yo ta fè se pat moun yo t ap chèche a vrèman. Daprè yon nòt li pibliye aprè dram nan, gwoup mizikal Disip ekri jounen an te vrèman difisil pou anplwaye yo ki t ap retounen nan plizyè sware ki te fèt ak siksè nan sid peyi a, espesyalman nan Okay ak Kavayon.
Yo kontinye ekri, tout bagay pa t ale jan yo te planifye a, plizyè nèg ak zam te kanpe bis la pandan omwen 15 minit epi yo te bay lòd pou kibòdis la Sexy Joe, desann machin nan.
Akòske, 2 zèdtan aprè, toujou daprè presizyon nòt la, malfwa yo ki te komèt zak la fè konnen se pa moun yo t ap chèche a. Tankou, sa se yon erè.
DISIP fè konnen, pou kouwèl ye la a Sexy Joe, ak lòt mizisyen yo an sekirite. Fòmasyon mizikal la pwofite remèsye tout moun ki te enkyete yon fason oubyen yon lòt.
Pou rapèl, Sexy Joe te libere nan menm vandredi bandi matisan yo te kidnape l la. Daprè enfòmasyon medya yo sou entènèt la divilge, se ta baz 5 segond lan ki gen nan tèt li chèf gang Izo, ki te dèyè anlèvman sila a.