Kilè aktivite lekòl yo ap reprann nan Laplèn ?

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
kilè aktivite lekòl yo ap reprann nan laplèn

Si nan divès zòn rejyon metwopolitèn lan aktivite lekòl yo sanse ap reprann tipa tipa depi kòmansman mwa novanm lan, konsta yo nan Laplèn montre yon reyalite nètman diferan, kote pòt majorite etablisman eskolè yo rete fèmen.

Sòti mwa novanm pou rive twazyèm semèn mwa desanm lan, Ministè levasyon nasyonal resanse plis pase 70% lekòl ki rekòmanse fonksyone sou ansanm teritwa nasyonal la. Yon chif ki pa konte etablisman eskolè yo nan Laplèn ki poko janm ka relouvri akoz ensekirite a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si dat 3 oktòb MENFP te fikse pou rantre lekòl yo pa t rive respekte akoz twoub sosyopolitik peyi a t ap konnen pandan peryòd sa. Reyalite a diferan sou tout Plèn nan, ki pami zòn nan rejyon metwopolitèn lan ki gen mwens lekòl k ap fonksyone.

Laplèn, ki twouve l nan komin Kwadèboukè, gen ladan l divès zòn oubyen seksyon tankou Bonrepo, Chada, Kanaran, Koray, elatriye… Yon seri zòn kote anviwon 2 mwa aprè aktivite lekòl yo te kòmanse reprann nan peyi a toujou rete paralize.

Gwoup ame yo ki gen kontwòl wout nasyonal yo nan nò rejyon metwopolitèn lan rann paran yo, responsab lekòl yo, bon jan enkyè pou repriz aktivite eskolè yo nan zòn sa yo kote a nenpòt moman yon kouri ka deklannche.

Nan sware lendi 26 desanm 2022 an, plizyè moun pèdi lavi yo, divès lòt blese ak bal, anpil machin, motosiklèt, biznis boule nan zòn Bonrepo, Kanaran, aprè entèvansyon brital gwoup ame nan zòn sa yo ki pa t bay chans ak menm moun ki pa malchans te twouve yo nan espas sa yo.

Yon sitiyasyon ki bay kè sote chak jou pi plis ak fanmi sa yo k ap viv nan zòn sa yo ki non sèlman pa an sekirite pou vi yo, oblije kenbe timoun yo lakay yo san konnen pou kilè aktivite lekòl yo ap reprann nan Laplèn.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia