Kisa ki fè Cristiano Ronaldo poko ka jwe avèk Al-Nassr ? 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
kisa ki fè cristiano ronaldo poko ka jwe avèk al nassr  

Malgre li siyen epi prezante ofisyèlman avèk Al-Nassr, klèb ki nan peyi Arabi Sawoudit la, Cristiano Ronaldo poko ka monte teren ak ekip la. Klèb Sawoudyen an poko ka enskri Cristiano akoz li depase nonb jwè etranje yo otorize l enskri yo. 

Avan menm Cristiano Ronaldo te debake nan Al-Nassr, li te gen sispansyon 2 match ki te fè l potko ka pran kontak ak teren an. Kounya gen yon lòt pwoblèm ki poze ki fè nonm ki gen 5 Balon dò a poko ka jwe ak nouvo klèb li : Al-Nassr depase nonb jwè etranje ki ta dwe enskri ofisyèlman nan efektif li pou chanpyona a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Cristiano siyen yon kontra ki lye l ak ekip Sawoudyen an pou jis Jen 2025 e li pral touche 200 milyon Ewo chak sezon. Nan menm tan an, li vini nevyèm jwè etranje ki rejwenn klèb Riyad la. Federasyon foutbòl nan peyi Arabi Sawoudit pa otorize plis pase 8 jwè etranje nan yon ekip.   

Pou ansyen jwè Manchester United la ta rive enskri ak Al-Nassr, fòk youn nan etranje yo ta kite klèb la prese prese. Sa ta sipoze fèt avèk rezilyasyon kontra youn nan yo oubyen yon konsantman mityèl ant 2 pati yo. Sanpasa, nou poko ap wè Cristiano k ap frape balon nan peyi Arab la. 

Nan efektif Al-Nassr a gen plizyè lòt etranje tankou Luis Gustavo, David Ospina ak Vincent Aboukakar. Pami jwè etranje ki ka kite klèb la, yo site non ouzbèk la Jalaluddin Masharipov. Se li ki plis ka ale pou fasilite enskripsyon Cristiano. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.