24 lane aprè li te finn rantre nan lòd relijye a, sè Mari Elizabèt ta pral rankontre Frè Robert, yon mwàn ki te vin vizite kouvan li an. Rankont sa ta pral chanje lavi l.
»Mwen santi yon kouran pase, e mwen te jennen. » se konsa sè Mary Elizabeth esplike kòman li te santi l, lè li te premye an kontak ak frè Robert ki sete yon mwàn. E ki kontak posib ? sèlman manch chemiz frè a ki te pase sou ponyèt li, depi lè sa sè a damou, e frè a pat endiferan ak sè Elizabeth.
Lisa Tinkler de Middlesbrough se non sa Mari Elizabèt te genyen avan li te antre nan lòd relijye kamelit katolik Women yo. Li antre nan kouvan sa depi lè l gen 19 lane, li di li pat janm konnen kisa ki rele tonbe damou an ni kòman yon moun te ka santi l lè li renmen yon lòt, se rankont li ak Robert ki fè l konn sa.
« Mwen te santi yon chanjman nan mwen e m te panse lòt sè yo te ka wè sa sou figi m. Sa te fè m pè. »
Li vin deside pale sa ak mè ki sou tèt li yo. Yo pat konprann li, yo te fache avè l epi mande l kòman l fè renmen yon moun li pat konnen, yon moun ki jis manyen l pa aksidan.
Yon semèn aprè vizit frè Robert nan kouvan an, Mari Elizabèt resevwa yon mesaj Frè Robert ki mande l èske li vle kite kouvan pou marye avè l. Li di mesaj sa te choke l anpil paske frè a pat konn anyen de li, anyen sou edikasyon l, ni menm bon non l, menm cheve l li pat janm wè akoz vwal li pote. Kòm sè yo pat konprann li, li deside pati kite kouvan an al jwenn frè Robert.
« Lè m wè l kè m sote, perèz ak lajwa te paralize m paske m te konnen apati de jou sa, m te dwe pou li sèlman. M te konnen tou nou pat pare pou sa. » Se sa Robert esplike.
Li te yon mwàn kamelit depi 13 lane, aprè yon echèk amourèz. Lòd la aprann li jere tenèb ak difikilte, men rankont li ak sè Elizabèt chanje, boulvèse lavi l. « Lè w vin mwàn oubyen nòn, yo aprann ou kontwole emosyon w, santiman w kidonk m pat janm panse m te ka renmen yon fanm nan nivo sa. »
« Tranzisyon an te difisil sitou nan kòmansman. Nou te santi nou poukont nou epi nou te pèdi men nou te kenbe men youn lòt pou nou fè wout nou. »
Yo marye epi kontinye dekouvri vi ki diferan de lavi relijye a.
Facebook Comments