Kisa sware gala reprezante pou Ayisyen ? 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
kisa sware gala reprezante pou ayisyen  

Sware gala se yon aktivite eksepsyonèl, yo souvan òganize l pou yon selebrasyon kèlkonk. Li kapab pou lansman yon pwodwi, yon antrepriz, oubyen yon anivèsè. Yo konsidere l tou kòm yon aktivite fen lane. 

Aktivite sa toujou fèt nan yon espas byen dekore, limyè divès koulè. Yon atmosfè byen sonm,  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ou kapab tande prestasyon atis yo ki vin bay aktivite a plis koulè, bèl ti mizik ki ka fè w vwayaje nan yon mond ou pat menm imajine. Se yon espas tou ki mete koup yo anvalè, majorite sitwayen byen akonpaye epi fre kou pan ak koulè sware a, chak moun byen enstale sou yon tab. 

 » Sware gala se yon bèl aktivite pou mwen, se yon kote wap koute bèl ti mizik byen sonm, moun pa mete gwo koulè . Se yon kote m vrèman santi m nan pom », deklarasyon Jean Philippe ki se yon fan sware gala. 

Fòk nou di tou se yon ogazyon an ò pou anpil jenn fi ak jenn gason ki selibatè, pwofite al tante chans yo. Nan lespri anpil nan yo, yo kapab kwaze ak  » Roméo » pa yo a oubyen  » Juliette » pa yo a. Daprè kèk enfòmasyon, se yon metòd ki repete anpil epi ki pote rezilta. 

Kòman Ayisyen konprann sware « Gala » ? 

Pou plizyè kote nan peyi a, yo souvan itilize epòk nwèl pou òganize sware « gala ». Sitou moun ki kwayan yo, se epòk sa legliz yo òganize aktivite sa. chak fèl nan yon metòd ki diferan. Se sitou nan peryòd sa paran yo kite jenn yo al amize yo. 

 » Mwen se yon jenn kretyen, sware gala se yon aktivite m renmen anpil, m renmen wè lè moun yo ap defile byen bèl, epi yo abiye pou tout kòb yo, se sak fè mkontan paske se nan epòk nwèl legliz kotem pèsevere a fèl se yon peryòd mwen plis endepandan m kab sòti ak ti zanmim yo poum al amize m », deklarasyon Nadège yon jenn kwayan. 

Èske ane sa ap toujou gen sware  » gala  » kòm sa dwa ?  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ayisyen se yon pèp ki renmen amizman, malgre se te yon ane vrèman difisil, men sa pa anpeche, plizyè Jenn kwayan gentan byen motive. je nou gentan bat sou plizyè kat sware ak yon slogan diferan pou ane sa. Nou kapab konsidere chak grenn Ayisyen kòm yon ewo. Ki donk malgre move moman yo te kapap konnen, anpil nan yo pa dakò abandone. 

REDAKSYON : Kethia Saint Marc 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.