Mondyal 2022 : Ajantin men Peyi Ba degaje w  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 ajantin men peyi ba degaje w  

Ekip ajantin nan ap toke kònn li ak Peyi Ba jodi vanderdi a, kote koyekipye Lionel Messi yo pare pou yo kase mete nan men olandè yo nan kadefinal sa. Aprè jwè Scaloni yo te fin bat Ostrali nan uityèm final (2-1), yo pral chache elimine Peyi Ba ki te korije Etazini (3-1). Se yon batay ki ap konplike pou jwè ajanten yo paske jwè L. Van Gaal yo poko pèdi yon match nan tounwa a.  

Ajantin ap fè chemen li nan mondyal la nan peyi Kata, kote anpil fanatik wè nan li ekip ki ka pran koup la pou 22è edisyon an. Men match fas ak Peyi Ba se pral pi gwo tès pou Albiseleste a depi lè mondyal la kòmanse. Pou premye match yo, yo te pèdi (1-2) fas Arabi Sawoudit, yo te genyen Meksik (2-0), Aprè yo ta pral bat Polòy (2-0) epi fini premye nan group yo a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt kote, ekip Peyi Ba li menn te montre l solid fas ak Senegal li te bat (2-0), aprè li ta pral fè (1-1) ak Ekwatè epi Korije Kata (3-1). Kidonk yo parèt pi solid nan tounwa avan yo jwe fas ekip Ajantin nan pou dezyèm kadefinal la.  

Yon ekip Ajantin ki bay kèk ti dout sou fòm li, epi sou fòm meyè jwè yo genyen an, Messi ki pa fin a 100%, defans lan ki pa fin solid nèt men gen kèk bon jwè tankou Di Maria, J. Alvarez,  R. De Paul, Otamendi ak gadyen yo a Martinez ki kapab ede yo nan faz enpòtan sa.  

Ekip Peyi Ba li  menn gen anpil kalite ak bèl jwè nan efektif  li a, ki kapab fè diferans lan a nenpòt moman tankou : M. Depay, C. Gakpo, 2 piston ekip Oranj yo Demfries ak D. Blind,  san nou pa bliye F. De Yong nan mitan teren an epi V. Van Dijk nan defans lan. Se pral yon match kote olandè yo pral chache pran revanch yo paske nan lane 2014 se Ajantin ki te elimine yo nan demi final Koupdimond ki fèt nan peyi Brezil. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive