Kòman pou w voye lajan bay pwòch ou ak Sendwave ?

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
kòman pou w voye lajan bay pwòch ou ak sendwave

Jounen jodi a, gen plizyè platfòm ki pèmèt moun laba tranfere lajan pou pwòch yo an Ayiti. Sendwave se youn nan estrikti ki enskri tèt li nan demach sa a. Èske nou konn mande tèt nou kijan yon moun fè pou l voye lajan gras ak Sendwave ?

Si yon moun anvi voye lajan ak Sendwave, premye bagay pou l fè se telechaje aplikasyon an sou Playstore oubyen Appstore. Annapre, moun sa ap gen pou l kreye yon kont. Pou l fè sa l ap bezwen mete non l, nimewo telefòn li, yon modpas li dwe konnen de tèt epi peyi l ap voye lajan an. Lè l fin aksepte tèm ak kondisyon yo, enskripsyon an ap boukle.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan lòt etap la, itilizatè sa pral chwazi yon kòd pwomo k ap pèmèt li benefisye rediksyon sou transfè a. Lè l fin fè sa, l ap gen pou l ranpli enfòmasyon ki konsène benefisyè a. Gen plizyè fason pou moun nan resevwa kòb la, MonCash, Unitransfer oubyen kont labank an dola ameriken. Men si se sou MonCash l ap pran l, kont li dwe elaji.

Moun nan dwe pran san l lè l ap antre enfòmasyon benefisyè a. Non l ak siyati l, nimewo telefòn li 2 fwa epi peyi l ap viv la. Touswit apre, itilizatè a ap mete kantite kòb l ap voye a, pou sa l ap antre enfòmasyon kat debi li a. L ap verifye enfòmasyon sa yo ki sekirize sou aplikasyon an. L ap prezise pou ki rezon l ap fè transfè a, swa don oubyen si se pou fanmi l oubyen zanmi l.

Lè l fin verifye enfòmasyon legal li yo (non l ak siyati l, dat li fèt), itilizatè a ap pran foto yon pyès li ki valid (paspò, pèmi kondwi, kat idantite elatriye) epi l ap byen pozisyone l nan espas ki rezève pou sa a sou aplikasyon an. L ap fè foto kat la ni devan, ni dèyè. Pou l fini ak tranzaksyon an, l ap klike sou “confirm transfer”.

Alafendèfen, itilizatè a ap mete modpas li a yon dènye fwa epi l ap voye lajan an bay moun li vle a. Sendwave fasilite tranzaksyon entènasyonal yo, nou ka di tou li fasilite lavi moun k ap voye ak moun k ap resevwa lajan toupatou nan lemond.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.