Komemorasyon premye anivèsè asasina Prezidan Jovenel Moise : Martine Moïse fè konnen li pap patisipe nan okenn aktivite komemoratif premye minis Ariel Henry ap òganize 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Le président haïtien Jovenel Moïse et son épouse Martine Moïse le 12 janvier 2021. (CHANDAN KHANNA / AFP)

Nan yon kominike ki pibliye nan dat 1e jiyè 2022 a, ansyen Premyè dam peyi Dayiti a Martine Moïse fè konnen Fanmi Moïsepa gen entansyon patisipe nan okenn aktivite komemoratif ki ap fèt avèk Leta Ayisyen, ki gen nan tèt li yon Chèf Gouvènman ki se Ariel Henry. 

Martine Moïse, ansyen premyè Dam nan pa mete dlo nan bouch li, pou li fè konnen nan kominike sila Premye Minis  Ariel Henry patisipe nan zak sasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse nan rezidans prive li nan dat kite 7 jiyè 2021 an. Pou rezon sila madanm defen prezidan Jovenel Moïse la fè konnen ni limenm, ni fanmi li pap patisipe nan okenn aktivite komemoratif ki ap fèt avèk Leta Ayisyen. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Ansyen Premyè Dam la, ap fè laprès ak piblik la konnen Fanmi Moïse pa gen entansyon patisipe nan okenn aktivite komemoratif ki ap fèt avèk Leta Ayisyen, ki gen nan tèt li yon Chèf Gouvènman, ki gen dout sou li nan zafè sasinay prezidan an ». 

Yon lòt bò, vèv la envite chak grenn ayisyen ak ayisyèn ki ap viv sou teritwa a, ak nan dyaspora a, ansanm avèk tout moun ki afekte nan disparisyon Prezidan Jovenel Moïse la, daprè kwayans yo, ak relijyon yo, pou yo mete men yo nan batay la, pou fè Lajistis blayi kont asasen yo ak sistèm nan, fanmi ansyen prezidan an tou pwofite okazyon an pou yo eksprime larekonesans li ak pèp Ayisyen an. 

Nap fè nou sonje, nan dat ki te 28 jen 2022 a, Primati te soti yon nòt kote li te fè konnen gen aktivite komemoratif ki ap dewoule  nan Mize Panteyon Nasyonal (MIPANA), nan jou kap 7 jiyè 2022 a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.