Dosye Daniel Alvez : yon lòt fanm akize foutbolè brezilyen an pou agresyon seksyèl 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
Foto : Abbie Parr/Getty Images

Daprè sa avokat Ester Garcia Lopez, ki sou dosye jèn fanm Daniel Alvez ta sanble vyole 30 desanm 2022 a nan yon diskotèk nan vil Baselòn fè  konnen, se pa kliyan li an sèlman foutbolè brezilyen an te agrese, gen yon lòt fanm ki te sibi menm agresyon seksyèl sa yo nan diskotèk la jou swa sa. 

Aprè Daniel Alvez te ale nan prizon vandredi pase a, aprè li te fin demanti akizasyon yo ta fè sou li, kòmkwa li ta vyole yon jèn fanm nan yon diskotèk. 10 janvye tribinal nan peyi Baselòn te ouvè yon ankèt sou dosye sa. Aprè jèn fanm nan te dépose plent li yo 2 janvye ki sot pase a, kote l te akize jwè 39 lane a pou agresyon seksyèl.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se nan menm lide sa, Ester Garcia Lopez, avokat viktim lan fè konnen gen yon lòt fanm ki te sibi menm agresyon sa yo, nan yon antretyen li bay ‘UOL’.  

« Wi, gen yon lòt fanm, ki te viv menm agresyon seksyèl sa yo. » 

Avokat la te bay plis detay sou dosye Daniel Alvez la.  

 » Se yon afè ki gen plis prèv toujou epi m pa rete kwè se paske akize a se yon pèsonalite piblik. Kliyan mwen an te kite diskotèk la nan yon anbilans, sa ki montre kijan bagay la te grav. » 

« sa rive souvan, kote se aprè 15 jou, oubyen yon mwa, 2 mwa, fanm yo bay yon rapò sou sa ki pase yo a. Konsa anpil prèv gentan disparèt. Pa gen kilòt, pa gen tras ADN… » 

Ester Garcia Lopez ajoute pou l fè konnen, kliyan li an pa bezwen lajan, li jis bezwen jwenn jistis epi voye akize a nan prizon. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive