Komisè Edler Guillaume voye yon pinga bay tout moun ki gen entansyon manifeste ak zam

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
komisè edler guillaume voye yon pinga bay tout moun ki gen entansyon manifeste ak zam

Nan yon nòt ki rann piblik jodi madi 6 fevriye 2024 la, Komisè Gouvènman komin Pòtoprens lan, mèt Edler Guillaume, fè konnen lajistis rezève gwo arestasyon ak sanskyon kont nenpòt moun yo ta remake ak zam pandan manifestation kont gouvènman an plas la, ki genyen nan tèt li Ariel Henry a.

Depi wikenn ki sot pase a, anons konsènan mobilizasyon yo te vrèman miltipliye aprè kèk lidè politik te anonse yon seri mezi pou entansifye kòlè popilasyon an pandan 3 nouvo jounen grèv sa yo ki te kòmanse ayè lendi 5 février a epi k ap bout demen mèkredi 7 fevriye 2024 la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan sans sa, komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Edler Guillaume, fè sòti yon kominike ki mete yon ansanm pinga kont pwotestatè yo k ap gen pou pran lari a nan kad manifestasyon sa yo.

Yon avètisman ki rann piblik kèk minit aprè ansyen lidè kont rejim ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide la, Guy Philippe, te remake nan Petyonvil akonpanye ak divès gwo pòtray gason ki abiye ak inifòm vèt sou yo epi zam nan men yo.

Pi lwen, Komisè Gouvènman an di li pran nòt de manifestasyon ki te òganize depi kèk jou nan jiridiksyon l ap dirije a.
Anplis, arestasyon moun yo remake ak zam fann fwa nan men yo, “moun ki patisipe nan zak vyolans yo sou nenpòt fòm nan pral soufri menm sò a tou”, daprè sa ki ekri nan nòt sa.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.