Komisè Gouvènman Gonayiv la libere chèf gang “Kokorat San Ras” la

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
komisè gouvènman gonayiv la libere chèf gang “kokorat san ras” la

Sérard Gazius se non Komisè Gouvènman Gonayiv la ki libere chèf youn nan pi gwo òganizasyon kriminèl k ap opere nan vil pwovens yo, prensipalman nan Latibonit, “Kokorat San Ras”. William Raymond jwenn liberasyon l sou lòd komisè a, daprè sa nou aprann.

Se radyo Référence FM k ap emèt depi vil Gonayiv ki rapòte nouvèl la, epi fè konnen Komisè Gouvènman Sérard Gazius jis tann lè jij ki te sou dosye kriminèl la pa la pou kapab libere chèf gang lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya, chèf gang “Kokorat San Ras” la, William Raymond, retounen al jwenn parèy li yo, alòske sa gen kèk tan lapolis te mare l pou yon zafè kidnapin, anplis enplikasyon l nan divès menas parèy li yo t ap fè sou plizyè majistra ki fè pati APM (Association professionnelle des Magistrats). Lajistis te deja kondane chèf gang sila a pou kidnapin. Jounen jodia se Komisè Gouvènman Gonayiv la ki remete l deyò.

Gang “Kokorat san ras” la t ap opere depi kèk tan nan Lakwa Peris, yon lokalite ki chita kò li nan komin Lèstè, nan depatman Latibonit. Nan fen mwa ki sot pase a, PNH la te mennen plizyè operasyon kont bandi sila yo ki espesyalize nan fè kidnapin, touye moun ak detounen machin.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.