Fanm ki antre nan gang, yon gwo danje pou sosyete a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
fanm ki antre nan gang, yon gwo danje pou sosyete a

Si nan yon premye tan fanm yo te konn emansipe sèlman nan kèk domèn kote se sèlman gason ki te konn evolye ladan yo epi ki pa gen move repitasyon, jounen jodia yo pran plis tèren toujou avèk afilyasyon yo nan divès òganizasyon kriminèl k ap opere sou teritwa a.

Dènye tan sa yo se pa de jenn fanm ki pa antre nan gang oubyen k ap ofri sèvis yo atravè enfliyans yo genyen sou kèk rezo sosyal tankou Instagram, TikTok, Facebook, elatriye…

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, anpil fanm lage kò yo nan pratik banditis sou teritwa a, sa ki reprezante yon veritab danje pou sila yo chwazi kòm viktim yo, oubyen sa ki vle devlope yon lyen kole sere ak gwoup ame yo. Yo vann yon imaj « ti Jezi nan krèch » alòske yo la pou kolekte enfòmasyon pote ale bay gwoup kriminèl yo afilye a, pou bay antèn sou moun bandi bezwen touye, kidnape, elatriye…,sitou sila k ap degaje yo ase byen nan sosyete a oubyen nan dyaspora.

Youn nan ka Polis Nasyonal Ayiti (PNH) te resanse sou dosye sa, se arestasyon enfliyansez Kimberly Desrosiers, ki fè pati gang 257 la. Konsa tou, pandan dènye jou sa yo anpil fanm gen akizasyon sou do yo pa bò isit kòmkwa yo ta afilye ak gang, pi presizeman gang Vilaj de Dye a, 5 Segond, ki anba lòd Izo. Si jiskaprezan anyen pa verifye, sa pa anpeche genyen ki mouri anba men popilasyon an nan kad mouvman pwotestasyon “Bwa Kale” ki genyen nan divès kwen nan peyi a.

Gen anpil jenn fanm ki pran rezo sosyal yo pou defann tèt yo fas akizasyon sila yo. Yon seri akizasyon ki menm rive sou Kasoumee kote analis politik John Colerm Morvan te fè konnen li nan kolaborasyon avèk chèf gang Izo. Yon seri akizasyon atis la voye jete byen lwen.

Men se pa sèlman konsa medam ki fè pati gang yo opere. Genyen ki patisipe nan fouye e menm rive patisipe touye moun. Wi, nou ka pran kòm referans chèf gang Kanaran an, Jeff, yon alye Izo k ap dirije nan antre nò kapital la kote gen anpil fanm ki fè pati gwoup ame sa.

Fanm sila yo gen yon misyon espesyal – anplis yo konn asiste lanmò sivil yo lè gen batay ant gang, batay gang kont popilasyon an oubyen gang fas lapolis – chèf gang Jeff souvan itilize medam li yo pou retire lavi lòt fanm parèy yo, swa paske yo konsidere yo kòm antèn lapolis, oubyen yo sòti nan kan anfas yo. E bandi sila yo konn menm itilize medam sa yo pou fè presyon sou lòt fanm tankou ti machann k ap sot vann oubyen achte lè yo kwaze yo.

Malgre tout sa yo, n ap raple fanm yo se premye viktim ak zouti kriminèl san fwa ni lwa yo itilize pou mennen misyon yo byen. Nasyonzini te rapòte nan kòmansman ane a gang yo souvan itilize fanm yo kòm zam pou yo ka batay epi febli advèsè yo.

Yon lòt kote, malgre metòd eksplwatasyon sila, bandi ak zam yo ki twouve sa pa sifi, souvan touye yo nan yon seri sitiyasyon. Konsa tou vyole yo, lè konsa menm tifi pa epanye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.