Komisè Muscadin etenn souf 2 prezime bandi Gran Ravin ki t ap pran direksyon Jeremi

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
komisè muscadin etenn souf 2 prezime bandi gran ravin ki t ap pran direksyon jeremi

Jean Ernest Muscadin re fwape ankò, byen bonè maten 27 avril 2023 a 2 prezime bandi manm aktif baz bandi Gran Ravin, vale batistè yo anba men komisè Miragwàn nan Jean Ernest Muscadin. Élize Amarald Thomas alyas « Pa Pran Chans » epi Richard Charles alyas « Piman Bouk » se non ki sou kat elektoral mesye yo. Komisè Muscadin ki te gen antèn sou endividi yo ki te abò yon ti bis pap padap, rive atenn objektif li sou endividi yo. Daprè enfòmasyon yon jounalis radyo Émancipation konfime redaksyon an.

Komisè Jean Ernest Muscadin depi monte li nan jiridiksyon Miragwàn nan montre se li ki chèf nan milye l ap dirije a, byen bonè maten 27 avril la, komisè a wete lavi 2 prezime bandi ki soti nan baz kriminèl Gran Ravin, Renel Destinat (Ti Lapli) ap dirije a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè konfrè korespondan radyo nou site a, nan Miragwàn, mesye yo t ap pran direksyon Jeremi, yo te gen nan men yo 2 zam 9 minimèt. Yo jwenn foto yo ak gwo galil sou telefòn yo.

Non yo se ; Elize Amarald Thomas alyas « Pa Pran Chans » epi Richard Charles alyas « Piman Bouk »… Operasyon ki mennen lanmò 2 prezime bandi yo fèt nan zòn Bèken, Miragwàn.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.