Michel Pras, youn nan rapè Fugees yo deklare koupab nan yon eskandal konplo politik Ozetazini

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
michel pras, youn nan rapè fugees yo deklare koupab nan yon eskandal konplo politik ozetazini

Michel Pras, yon manm gwoup “hip-hop” ane 1990 yo, The Fugees, kondane mèkredi 26 avril la, aprè yon jijman ki te gen ladann plizyè temwayaj, pami yo pa aktè Leonardo DiCaprio ak ansyen Pwokirè Jeneral ameriken Jeff Sessions.

Lajistis akize Pras pou konplo politik plizyè milyon dola ki kouvri 2 prezidans.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prakazrel « Pras » Michel akize li te transmèt lajan yon finansye malezyen ki nan mawon, atravè divès donatè pay pou kanpay lòt eleksyon Barack Obama a nan lane 2012, answit li te eseye toufe yon ankèt ministè Jistis la t ap mennen, epi enfliyanse yon zafè ekstradisyon sou non Lachin sou administrasyon Trump lan.

Michel te rankontre pou premye fwa finansye malezyen Low Taek Jho nan lane 2006, lè sa yo te rekonèt li sou non Jho Low. Nonm sa te konn ap gaspiye gwo sòm lajan epi li te konn fè aparisyon piblik ak Paris Hilton.

Low te menm finanse plizyè fim Hollywood, tankou « The Wolf of Wall Street. » DiCaprio te temwaye lè odisyon l « Low te parèt devan li kòm yon biznisman lejitim epi li te mansyone li vle fè don nan kanpay Obama a ».

Nan Wachinton DC, yon tribinal federal jwenn jounen jodi a rapè Fugees la koupab pou 10 chèf akizasyon ki gen ladan yo konplo ak ajisman kòm yon ajan ki pa anrejistre nan yon gouvènman etranje.

Defans lan te fè konnen rapè a – ki genyen yon Grammy nan gwoup “hip-hop” ane 1990 yo, Fugees – te senpleman vle fè lajan, mete sou sa li vin t ap resevwa move konsèy jiridik pandan li t ap envante mond politik la yon lòt jan nan lespri l.

Pa bò kote pa l, Michel te refize fè kòmantè aprè vèdik la, men avoka li yo di li « desi anpil » ak rezilta ka a epi li konte fè apèl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.