Plizyè lane aprè kreyasyon l, BSAP sòti pou l rann lavi peyizan yo enposib

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè lane aprè kreyasyon l, bsap sòti pou l rann lavi peyizan yo enposib

Kote BSAP ? Se kesyon sa plizyè moun ap poze tèt yo depi kèk tan akòz yo pa janm tande pale de ajan ki fè pati Brigad Siveyans Zòn Pwoteje yo (BSAP).

Se pa de plenyen ki pa genyen fas ak konpòtman kèk nan ajan sila yo nan kèk zòn elwanye kapital la, tankou nan Plato santral kote yo pran plezi nan fè presyon sou peyizan swa pou pran (vòlè) tè, rekòlt ak bèt yo. Konsa tou, genyen plizyè viktim ki rapòte ajan BSAP yo pran malen plezi nan mande yo lajan pou pwoteje betay yo kont “move je”, elatriye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, alòske genyen kèk rejyon nan pwovens yo prezans fòs polisyè yo pa konstate, sila ki pote inifòm BSAP yo ap opere la yo kè pòpòz ak gwo zam fann fwa, nan lonbraj lajistis y ap aji an tout enpinite e ti peyizan yo prèske rete bèkèkè fas ak mechanste y ap fè. Genyen ki menm rive menase lavi sila ki pa vle mache anba prensip yo.

N ap raple se pa premye fwa BSAP site nan mòd eskandal sila sa yo, yo te menm rive nan mwa fevriye lane 2022 anile tout badj ajan yo paske te gen rapò sou konpòtman ki pa apwopriye yo te genyen. Divès konpòtman ki te riske pote konfizyon nan vrè travay yo a jan Dekrè 26 janvye 2006 la di l sou jesyon anviwònman an ak reglemantasyon kondwit sitwayen yo pou devlopman dirab la.

Ajans Nasyonal Zòn Pwoteje yo (ANAP), ki te vin Direksyon jeneral nan lane 2017, te vin gen pou misyon pwoteje zòn sila yo. Men depi kreyasyon l, genyen plent k ap resevwa kont BSAP. Epi se pa yo tout ki reyèlman fonksyone ak inifòm, alòske gen nan yo ki gen gwo zam fann fwa ak machin nan men yo.

Yo plis aji an « bandi ki legal », daprè plizyè temwanyaj ki rive jwenn direktè ANAP la, Jeantel Joseph. Toutfwa responsab la toujou nye akizasyon sila yo.

N ap raple daprè ansyen kolonèl ak ansyen Sekretè Deta sekirite piblik Himmler Rebu, BSAP la se yon gwo menas pou teritwa a ak sitwayen yo, paske l gen anpil pwen komen ak FRAPH (Force révolutionnaire armé pour le Progrès d’Haïti), ki se yon antite paramilitè ki te konn teworize pèp ayisyen an pandan lontan, menm jan ak tonton makout yo.

BSAP ap opere kè pòpòz nan zòn andeyò yo, patikilyèman nan Nòdès ak Sant teritwa a, pa gen pyès otorite ki janm mansyone ekzistans yo alòske yo la ! Malgre ansyen prezidan Jovenel Moïse, ki te kreye kò sila atravè yon arete prezidansyèl nan lane 2017 potko mouri asasinen, BSAP te kòmanse genyen dwèt lonje sou li. Jounen jodia pyès otorite nan leta a, pa menm nan ministè Anviwònman an, pa janm fè mansyon de yo alòske y ap fè presyon sou moun kè pòpòz. Dè fwa se lapolis ki konn blije fè entèvansyon pou vin met lòd nan dezòd.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.