Komisè Muscadin lanse yon gwo operasyon fouye machin k ap sot Pòtoprens

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
komisè muscadin lanse yon gwo operasyon fouye machin k ap sot pòtoprens

Komisè Gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin sèmante pyès bandi p ap pile oubyen travèse teritwa li a pou rann yo nan Gran Sid peyi a. Li fè konnen l ap elimine tout bandi k ap teworize popilasyon ayisyen an, ki vin nan depatman Nip lan.

Depi byen bonè mèkredi 03 me 2023 a, li lanse yon gwo operasyon fouye machin sou yon pati nan Wout Nasyonal nimewo 2 a, nan lide pou jwenn bandi ki ap eseye kouri kite kapital la Pòtoprens.

Depi plis pase yon semèn, mouvman popilè « Bwa Kale » a ap pran teren nan Lwès la, jiskaske l rive tabli kò li nan vil pwovens yo, ladan yo jiridiksyon komisè sa a.

Responsab la, nan tèt yon delegasyon potorik gason ki ak gwo zam fann fwa nan men yo, kòmanse fouye bis, ti bis ak kamyonèt depi byen bonè maten an. Yon lòt kote, Komisè Muscadin ak parèy li yo kesyone moun ki abò machin sila yo nan lide pou konn kiyès yo ye, o ka ou.

N ap raple semèn pase a li te lanse yon operasyon menm jan an, menm sèkèy ki sou tèt machin Komisè Gouvènman an te monte fouye, nan lide pou te chèche bandi, aprè l te fin met lapat sou “Zo pa kwit” yon nonm li te idantifye kòm manm gang “5 Segond” yo ki t ap sove kite Lwès la, epi touye li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.