Otorite Ameriken yo an Ayiti nan yon entèvyou ak jounal Nouvelliste te fè konnen yo retabli sèvis viza yo depi nan kòmansman mwa janvye 2023 a epi yo te kontinye ap trete aplikasyon renouvèlman viza yo depi lè sa a.
« Depi nan kòmansman mwa janvye a, nou te aksepte nouvo aplikasyon pou viza touris. Randevou yo deja disponib men yo limite nan moman sa a. Nou planifye pou ogmante kantite randevou yo trè byento”, enfòme otorite Ameriken yo, tout pandan yo presize yo te kòmanse trete viza imigran ankò nan mwa desanm ane ki sot pase a, epi yo te tounen nan operasyon konplè.
Yon lòt bò, Konsila Etazani an Ayiti a fè konnen « backlog » la a (Sa a se yon lis ki priyorize karakteristik ki bezwen amelyore oswa devlope, parapò ak yon pwodwi oswa sèvis) enpòtan anpil, se sak fè yo mande fanmi ki ap tann reyinifikasyon fanmi yo, pou yo pran yon ti pasyans.
N ap raple anons sa a vini nan moman kote Prezidan ameriken an, Joe Biden te anonse nan kòmansman mwa Janvye a, pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la, ki pèmèt imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman Ozetazini atravè pwogram sa a ki vize akòde jiska 30,000 pèmi chak mwa.
Facebook Comments