18 moun pou pi piti mouri nan yon “crash” elikoptè nan peyi Ikrèn, pami viktim yo resanse yo genyen minis Enteryè peyi a Denys Monastyrsky, ak 3 timoun.
Alòske gè a ap kouri sou 329vyèm jou l ant Ikrèn ak Larisi, teritwa ikrenyen an leve an dèy byen bonè 18 janvye a aprè dram sila rive tou pre kapital la, Kiev. Jiskaprezan pa gen pyès enfòmasyon ki bay sou rès viktim yo ak sikonstans aksidan an.
Chèf kabinè prezidans lan, Kyrylo Timochenko, deklare « bi vòl sila se te pou ale nan youn nan pwen cho peyi a kote batay yo ap dewoule. Minis la t ap rann li la ».
Daprè gouvène rejyon an, Oleiksiï Kouleba, sou Telegram “genyen tou 29 moun ki sòti blese swit ak aksidan sila, pami yo 15 timoun”. Li krenn bilan an ka pi lou pi douvan’ rezon eta kèk nan blese yo.
Pa bò kote pa l, prezidan peyi a Volodymyr Zelensky kalifye “crash” la tankou yon trajedi terib, epi ajoute li mande pou lapolis nasyonal peyi a louvri yon ankèt prese prese sou sikonstans dram nan.
N ap raple, divès imaj k ap sikile sou rezo sosyal yo montre rès elikoptè a ki melanje ak debri, tou pre yon machin ki krabinen. Jiskaprezan lapolis sou plas.
Facebook Comments