Ayisyen ak dominiken fòme yon gwo rezo kontrebann sou fwontyè a pou kapab anrichi tèt yo nan kesyon trafik gaz. Kontrebandye ayisyen ak dominiken achte galon gaz 5 dola ameriken pou revann li an Ayiti jiska 50 dola.
Alòske bandi ak zam bloke tout aksè ak pi gwo tèminal ki estoke gaz an Ayiti an, ayisyen ak dominiken itilize sitiyasyon sa pou fè gwo lajan sou fwontyè a nan monte yon gwo endistri kontrebann k ap trafike gaz sòti nan ponp Repiblik Dominikèn pou vin vann Ayiti.
Endistri kontrebann sa pwofite sibvansyon Leta dominiken bay ak gaz la nan ponp yo an Repiblik Dominikèn pou achte l epi transpòte l pou vin revann sou mache nwa an Ayiti jiska 50 dola ameriken daprè jounal dominiken Listin Diario.
Yon sitiyasyon ki pwovoke gwo liy nan ponp yo an Repiblik Dominikèn e lakoz kantite gaz ki vann yo rive jiska double sou fwontyè Dajabón nan, daprè majistra vil la Santiago Riverón, deklarasyon jounal la rapòte.
Gwoup kontrebandye sa yo ki avan sa te konn evolye nan komès machandiz tankou farin, vyann ak ze sou fwontyè a, ki bese akoz sitiyasyon kriz ki an Ayiti an, lage kò yo pou kounya nan vann gaz nan kontrebann sòti Repiblik Dominikèn pou rantre Ayiti.
Prezidan dominiken an Luis Abinader te deklare semèn ki sot pase a li entèdi moto travèse fwontyè a pou rantre Repiblik Dominikèn nan lide pou te kapab konbat trafik ilegal gaz sou fwontyè a. Chèf Leta dominiken an te egalman fè konnen fwontyè an kapab fèmen si toutfwa ta gen entèvansyon fòs militè etranje an Ayiti.