Depi kòmansman semèn nan peyia ap fè fas ak yon rate gaz ki egzajere, sitou nan zòn metwopolitèn nan Pòtoprens , Delma, Petyonvil ak lòt ankò. Sitiyasyon sila ki ap pèsiste lakòz yon gwo ogmantasyon nan pri sikui yo, epi lakòz gwo bat bouch ant chofè ak pasaje yo.
Jan sa te ye nan dènye ane ki sot pase yo, peyi a ap plonje tèt dwat nan yon lòt kriz gaz ankò, akoz
rate pwodwi petwòl yo sou teritwa Ayisyen an espesyalman nan Kapital peyi a, Pòtoprens.
Ratman gaz sa ki ap ogmante nan peyi a depi kòmansman semèn nan, rive jiska jodi madi 11 avril 2023 a, konstate nan plizyè zòn nan kapital la tankou, Petyonvil, Delma ak Taba. Vrèman vre, yon galon gazolin nan zòn sa yo vann plis pase 1400 goud sou mache enfòmèl la, sa ki vin fè pri sikui yo sibi yon gwo ogmantasyon ankò.
Daprè plizyè enfòmasyon ki rive jwenn ekip redaksyon NetAlKoleMedia, pou soti Petyonvil pou ale Anba Lavil, vwayaj la ap koute 75 goud avan li te 50 goud, pou soti Delma pou w ale Petyonvil kous la ap koute 75 goud, avan li te 50 goud, soti Petyonvil pou ale Miso, ki te 25 goud li pase a 80 goud, san konte lòt kote tankou Taba ak Wout frè ki yo menm tou sibi yon gwo ogmantasyon nan kous yo.
Ogmantasyon pri kous machin ak moto yo lakòz gwo bat bouch ant chofè ak pasaje, piske gen anpil pasaje ki pa vle soumèt ap pri sa yo chofè yo enpoze yo.
N ap note, li enpòtan pou otorite lokal yo pran tout mwayen nesesè pou jere mank gaz la, tankou jwenn solisyon gaz altènatif, amelyore enfrastrikti transpò, amelyore sekirite nan chèn ekipman pou gaz la, ak edike piblik la sou pi bon pratik nan konsomasyon enèji.
Facebook Comments