Lajistis amerikèn arete Michael Karl Geilenfeld, 71 lane, pou vyòl sou ti gason an Ayiti

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lajistis amerikèn arete michael karl geilenfeld, 71 lane, pou vyòl sou ti gason an ayiti

Lajistis amerikèn mete anba kòd sitwayen ameriken Michael Karl Geilenfeld, 71 lane, fondatè yon òfelina tigason an Ayiti. Daprè lajistis peyi Tonton sam, misye Michael Karl pran plezi vwayaje sòti Miami pou rantre an Ayiti nan sousi pou vin kouche ak ti gason pi ba laj 18 lane, sou pretèks li vin regle koze òfelina.

Nan dat lendi 22 janvye ki sot pase a, aprè plizyè plent ak pwosè ki mennen kont endividi an, lajistis finalman rasanble prèv ki montre ak klè Michael Karl Geilenfeld genyen relasyon seksyèl ak ti tchyovi ayisyen pi ba laj 18 lane.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se medya entènasyonal yo ki rapòte maten madi a nouvèl arestasyon Michael Karl Geilenfeld, ki te fèt samdi pase a nan Denver, Etazini.

Anvan sa, Michael Karl Geilenfeld te deja jwenn arestasyon li sou menm dosye sa, men li te genyen pwosè sa pou difamasyon plizyè milyon dola nan tribinal federal nan Maine, kont avoka ki te akize l la.

Premye arestasyon Geilenfeld te fèt an Ayiti nan mwa septanm 2014. Li te libere nan yon prizon nan kapital la aprè swadizan viktim li yo pa t parèt devan tribinal la.

Lajistis amerikèn mete men nan pat kasav Michael Karl Geilenfeld pou menm tole yo, fwa sa, li espere yon odyans detansyon nan yon tribinal federal nan Denver, Jedi 25 janvye 2024, aprè, y ap transfere l Miami. Se sa jounal Miami Herald rakonte.

Pi lwen, yon gran jij federal te akize l nan menm dat 22 janvye 2024 la paske li te vwayaje pou destinasyon Ayiti “nan objektif pou li te angaje li nan zafè seksyèl ilegal ak yon lòt moun ki poko gen 18 lane.”

Apre plizyè vwayaj, US Homeland Security nan tèt kole avèk FBI te louvri yon ankèt sou swadizan ofans touris sèks, ki pini jiska 30 lane nan prizon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.