Poukisa anpil moun nan lòt relijyon pa konsidere fidèl katolik yo kòm kretyen?

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
poukisa anpil moun nan lòt relijyon pa konsidere fidèl katolik yo kòm kretyen

Pale sou kesyon relijyon nan tout mond lan se yon sijè ki trè sansib akoz lafwa ak kwayans nan mitan moun yo ki pa toujou menm. An Ayiti, li pi grav toujou kote depi plis pase yon syèk peyi a pran nan yon chòk kiltirèl avèk divès relijyon, prensipalman sila yo ki sòti nan krisyanism lan, k ap chache tout mwayen pou enpoze yo nan kilti ayisyen an.

Si avan, jiska plizyè ane aprè batay pou endepandans lan kwayans nasyon an te repoze prensipalman sou vodou, done yo ta pral kòmanse chanje ane aprè ane jiskaske nou rive jounen jodia nan yon sosyete ki gen plis pase yon dizèn relijyon k ap fonksyone avèk yon dominasyon pou pwotestan ak katolik yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, krisyanism lan ta pral rantre ofisyèlman anndan peyi a nan fen 19èm syèk, prensipalman avèk “Concordat damien” an ki se yon akò ki te siyen ant Leta ayisyen ak vatikan pou yon koperasyon ki te plis chita sou kesyon edikasyon. Yon akò ki bay yon pakèt privilèj ak legliz katolik kote Leta ayisyen, pandan yon pakèt tan, ta pral enpoze sosyete a li kòm relijyon.

Refòm pwotestan Martin Luther a rive nan monte an fòs Etazini aprè dezyèm gè mondyal la ta pral chanje dinamik mond lan avèk yon lòt vizyon epi yon lòt fòm sosyete ki plis baze sou endividi. Nan nouvo modèl sa, pwotestantism lan ta pral kòmanse enpoze l toupatou atravè mond lan prensipalman nan Amerik la kote jewografikman Ayiti twouve li.

Katolik ak divès lòt relijyon ki sòti nan krisyanism lan ap mennen yon batay doktrinal san fen depi plizyè syèk kote yo chak ap eseye prezante tèt yo kòm relijyon ki plis ap swiv pawòl ki nan bib la ki se liv sakre krisyanism lan. Yon batay ki pouse anpil relijye ki nan lòt relijyon sa yo pa konsidere fidèl katolik yo kòm kretyen.

Pou kèk relijye, ansèyman fondamantal k ap fèt nan relijyon katolik yo pa kadre ak sa divinite y ap sèvi a genyen kòm vizyon ak volonte, prensipalman atravè sa ki ekri nan dekalòg (douz Kòmandman) Moïse yo. Diferans nan pratik relijye ant fidèl katolik ak manm lòt relijyon yo, se youn nan prensipal rezon ki lakoz katolik yo pa konsidere kòm kretyen.

« Se vre katolik yo sòti nan krisyanism lan ki ta vle di nòmalman yo se kretyen, men nan pratik lan yo pa sa vrèman akoz reprezantasyon vyèj Mari a yo idantifye kòm manman Jezi, sa ki kontrè ak ansèyman labib ki defann yon moun adore zidòl. Nan vrè sans kretyen an, depi yon moun ap adore estati yo di li pa kretyen, sa ki balanse lide sou kesyon sa», opinyon Cindy Beloüs, yon jèn pwotestan ki se egalman yon etidyan nan yon inivèsite kretyèn anndan peyi a.

Kontrèman ak lòt moun nan lòt relijyon ki trè kategorik sou kesyon fidèl katolik yo ki pa kretyen an, Cindy Beloüs nou te gen chans pale avèk li sou sijè sa eseye balanse opinyon li an avèk yon apwòch ki prezante yon kategori kretyen pou chak relijyon orijin krisyanism yo, prensipalman pou pwotestan ak katolik yo. « Pou mwen menm, gen kretyen katolik, gen kretyen pwotestan.»

« Pou w se kretyen gen de metòd ak prensip ou sipoze respekte epi swiv. Malerezman katolik yo pa respekte prensip sa yo e yo fonksyone selon pwòp prensip pa yo ki pa nan 10 kòmandman Bondye yo ki fondamantal. Olye yo swiv Kris, yo prefere adore Mari ki se te yon moun kontrèman ak Jezi labib prezante kòm 100% moun ak 100% espri», sa li ajoute pou li fini.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.