Jounen Drapo oswa fèt Drapo a an Ayiti se yon selebrasyon enpòtan ki fèt chak ane espesyalman 18 me. Dat sa a make yon evènman istorik ki rekonèt kòm « Drapo endepandans lan ». Souvan, seremoni nasyonal fèt sa a toujou selebre Akayè, sepandan pou lane 2023 a, Premye minis Ariel Henry ak gouvènman li an deside deplase fèt Drapo a nan Nò peyi a.
Men, pou popilasyon Okap la, desizyon Gouvènman Premye minis Ariel Henry pran pou vin selebre 18 me nan Okap la se yon move desizyon. Se nan lide sa, plizyè Kapwa fè konnen yo prepare pou resevwa lokatè Primati an pi move fason posib.
“Tout moun konsyan Ariel Henry pa itil peyi a anyen, se sak fè misye pa dwe ap mache lib nan peyi a”, te fè konnen yon Sitwayen, ki kontinye pou l denonse sitiyasyon kote vil Okap gen plis pase yon lane san li pa wè limyè EDH malgre mouvman lari yo fè. “Epi pandan Ariel ap vin fete a yo deside bay li”, te di Kapwa sa a ki fè konprann gouvènman an pa fè anyen pou rezoud pwoblèm ki pi fondamantal yo nan Nò peyi a.
Yon lòt bò, plizyè lòt Sitwayen te fè konnen moun nan Nò pa p fete ak Ariel Henry ni ak okenn lòt otorite nan peyi a. Kapwa sa yo di y ap fete Drapo yo jou k ap 18 me a byen trankil nan Nò san okenn prezans gouvènman.
“Moun nan Nò espesyalman moun Okap pa p pran nan pawòl vyolyans okenn moun, lè n ap soufri se nou menm sèl ki soufri”, te eksplike kèk manm nan popilasyon Kapwaz la ki mobilize pou anpeche Premye minis Ariel Henry ak Gouvènman l lan mete pye nan Okap jou 220èm anivèsè Drapo ayisyen an.
N ap note, daprè deklarasyon majistra Yvrose Pierre, poko gen okenn konfimasyon si Premye minis Ariel Henry ap la nan dat k ap 18 me a nan Okap, men daprè sa li rapòte, gouvènman an ap prezan jou Selebrasyon 220èm ane kreyasyon drapo a nan vil Okap, 18 me 2023 a.
Facebook Comments