premye oktòb 2022 sa a make ouvèti lane fiskal 2022-2023 a. Lane fiskal sa menm jan ak lane avan, kòmanse nan yon sitiyasyon ki konplike, kote peyi a ap fè fas ak yon kriz gaz ak mouvman sosyal kont lavi chè, ensekirite ak ogmantasyon pri gaz nan ponp yo, san bliye pil ka kidnapinn yo ki ap fèt chak jou nan peyi a ki anpeche envestisman fèt nan peyi a. Lane fiskal 2022-2023 sa anonse anpil difikilte pou trezò piblik la, menm jan ak sa ki sot pase a.
210.5 milya goud se montan jeneral bidjè a pou ane fiskal 2021-2022 a. 120.1 milya dola te dwe soti nan revni aktyèl Leta, sa vle di 59.3% nan revni entèn ak 40.7% nan revni ladwàn. Patnè ekstèn yo sipoze kontribye 24.3 milya goud, ki gen ladan 4.6 milya nan sipò bidjè ak 19.6 milya nan sibvansyon ak prè pwojè. Finansman emisyon obligasyon Trezò a se anviwon 12,48 milya goud e Bank Repiblik Ayiti (BRH) ta dwe bay yon finansman 46,47 milya goud,Michel Patrick Boisvert, Minis Ekonomi ak Finans lan, nan mwa me ki sot pase a lè li tap prezante bidjè yo.
Lè li tap fè prezantasyon sa, Minis Ekonomi ak Finans lan te fè konnen gwo pwojè Gouvènman an te planifye, pou egzekisyon bidjè sa a te lye ak:
-Restorasyon yon klima politik ki estab pou fasilite eleksyon yo nan kad renouvèlman pèsonèl politik nan peyi a.
-Finansman PRIPS, apre domaj tranblemanntè 14 out 2021 la te koze nan Grand Sid la.
-Finansman kanpay agrikòl pou fè fas ak ogmantasyon nan enflasyon.
-Ogmantasyon salè nan sèvis piblik la apre ajisteman salè minimòm lan.
-Restorasyon yon bidjè ekilibre ak anpil lòt.
Men Sepandan, kriz politik peyi a pat pèmet, tout bidjè sa yo reyalize pandan tout lane fiskal 2021-2022, se ki lakòz lane fiskal sa gaspiye, kote peyi a te fin fè fas ak yon to enflasyon ki te atenn 30%. Depi 2003, se enflasyon ki pi wo nou janm wè an Ayiti, daprè Ekonomis Étzer Émile, limenm ki te di tou, Bagay yo grav nan peyi a sou plan ekonomik.
Yon lòt bò, Direksyon Jeneral Administrasyon Jeneral Ladwàn nan okazyon nouvo lane fiskal 2022-2023 a, nan yon nòt pou laprès li pibliye samdi 1ye oktòb 2022 a, fè konnen tout sa administrasyon an reyalize pandan ane 2021-2022, epi deklare angajman li pou nouvo lane fiskal la ki kòmanse 1ye Okòb la.
Nan nòt li a, AGD di li pran angajman pou l redouble vijilans li nan akonplisman misyon pwoteksyon li pou l ka patisipe pi efikasman nan pwoteksyon sante ak sekirite popilasyon an tout pandan lap angajel tou pou amelyore patenarya ak kominikasyon Ladwàn, Operatè Ekonomik pou l ofri pi bon sèvis pou tout patnè li yo.
Enstitisyon dwanye a di tou nan kòmansman nouvo lane fiskal 2022- 2023 sa a, Direksyon Jeneral la te pwofite asire tout anplwaye AGD yo l ap kontinye travay pou amelyore kondisyon travay yo.
Nap raple, Nouvo lane fiskal 2022-2023 sa, komanse san yon nouvo bidjè ak ,yon vizyon byen defini ak objektif byen tabli pou abòde divès pwoblèm manm popilasyon an ap rankontre, jounen jodia espasyalman lavi chè kote tout pwodwi premye nesesite yo vann byen chè, ratman gaz ki lakòz kèk enstitisyon fèmen pòt yo, epi paralize kèk aktivite nan sosyete san konte vag manifestasyon kont ogmantasyon ri gaz nan ponp yo ak ensekirite, kote chak jou yap kidnape moun, yon sitiyason ki fè li difisil pou moun yo deplase, machandiz paka sikile nòmal, ak vyolans gang nan chak kwen peyi a.