Pou MENFP aktivite lekòl yo lanse pou ane akademik 2022-2023 

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
pou menfp aktivite lekòl yo lanse pou ane akademik 2022 2023 

Lendi 3 oktòb 2022 make dat relans aktivite lekòl yo sou tout teritwa ayisyen an daprè kalandriye ministè edikasyon nasyonal pibliye pou ane akademik 2022-2023. Yon rantre lekòl ki te sipoze fèt depi mwa septanm, men otorite yo ta pral pwolonje akoz kondisyon yo pa t reyini. 

Nan yon nòt ki pibliye jounen lendi 3 oktòb 2022 a, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl reyaji fas ak apèl anpil lekòl pa sispann lanse dènye jou sa yo nan lide pou otorite nan Leta yo fasilite kondisyon yo pou aktivite lekòl yo reprann nan peyi a. 

Fas ak sitiyasyon sosyopolitik politik yo ki pa bay okenn garanti pou repriz aktivite lekòl yo jounen lendi 3 oktòb la anndan peyi a, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl kwè rantre lekòl la ap oblije fèt «tipa tipa» sou teritwa a. 

«MENFP rekonèt premye semèn nan kalandriye eskolè 2022-2023 a, k ap kòmanse nan dat 3 oktòb la, ap difisil pou relanse aktivite lekòl la nan plizyè kote nan peyi a. Konsa, ministè konprann rantre lekòl la ap oblije fèt tipa tipa», sa nou kapab li nan nòt sa. 

Daprè ministè a, nan yon konsèy gouvènman ki òganize ayè dimanch 2 oktòb, gouvènman angaje l pou pran dispozisyon pou kreye bon jan kondisyon sekirite ansanm ak lòt dispozisyon pou fasilite deplasman popilasyon an, sitou elèv yo ak anseyan yo. 

MENFP, nan nòt sa, mande respekte dwa timoun yo genyen pou yo ale lekòl nan kèlkeswa sikonstans lan, jan plizyè konvansyon entènasyonal Ayiti siyen yo mande l. Nan sans sa, ministè a ankouraje sitwayen yo pwoteje lekòl yo ki se yon byen piblik. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.