Lapolis ap chèche kou chen fou doktè Peterson Larrieux pou vyòl sou yon tifi 15 lane

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis ap chèche kou chen fou doktè peterson larrieux pou vyòl sou yon tifi 15 lane. sous foto paj facebook peterson larrieux

Lapolis finalman mete yon manda arestasyon nan degwann doktè Peterson Larrieux pou zafè vyòl sou yon tifi 15 lane. Daprè plizyè medya nan kapital la, lapolis ta mete manda arestasyon sa dèyè doktè a aprè li te vyole epi pèdi ti lèzanj 15 lane a andedan yon chanm nan Lopital Kominotè Dam Mari.

Prezime kadejakè a pou moman an nan mawon, pandan, nenpòt kote lapolis ta kwaze l, li dwe arete l epi trennen devan jij pou reponn kesyon jidisyè kòmsadwa, nan sousi pou viktim lan, pou rezon sekirite li nou pa chwazi site non l, jwenn jistis.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li enpòtan pou n raple, ka vyòl yo dènye tan sa yo repete souvan nan vil Jeremi. Plizyè ka konsa deja fè gwo eskandal nan komin sa.

Nou dwe raple tou, plizyè plent te depoze kont doktè HCDM lan. Se aprè plizyè medya te fè konnen doktè a ap sikile libe libè nan vil la, lapolis ta pral mete aksan sou dosye a.

Yon lòt bò, daprè enfòmasyon redaksyon an jwenn, yo te enstale doktè Larrieux Peterson nan tèt Lopital Kominotè Dam Mari an (HCDM) kòm Direktè Medikal. Alòske sous nou yo fè konnen se yon lòt medsen k ap jere pòs sa pandan Larrieux toujou nan lopital la kòm swadizan direktè.

 

Sous Foto :  Paj Facebook Peterson Larrieux

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.