2 jèn gason mouri nan yon afwontman ant ouvriye ak ajan sekirite CODEVI yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
2 jèn gason mouri nan yon afwontman ant ouvriye ak ajan sekirite codevi yo. crédit photo theriel thelus

Nan yon afwontman ki te mete fas pou fas ouvriye endistri CODEVI yo ak ajan sekirite menm pak endistriyèl sa, 2 jèn gason pèdi lavi yo jodi jedi 15 jen 2023 sa, nan vil Wanament, daprè sa a redaksyon NetAlKole Média a genyen kòm enfòmasyon.

Jèn sa yo malerzaman bwè dlo bouch yo pandan yon konfwontasyon ant travayè CODEVI yo ak ajan sekirite yo nan pak endistriyèl minisipalite sa a ki chita kò l sou fwontyè Ayiti-Repiblik Dominikèn lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou moman an, redaksyon an poko an mezi pou konfime oubyen pibliye idantite viktim yo.

Daprè jounalis Theriel Thelus, nan emisyon Ti Koze Ak TT, nan menm mouvman sa, yon jèn demwazèl, ki li menm tou non l poko ka idantifye, te resevwa yon bal.

Pou moman n ap ekri la, l ap resevwa swen nan yon lopital.

 

Crédit Photo : Theriel Thelus

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.