Lapolis dejwe yon tantativ kidnapin nan Delma 40B, gen yon kidnapè ki mouri

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
lapolis dejwe yon tantativ kidnapin nan delma 40b, gen yon kidnapè ki mouri

Nan lannwit 05 avril 2023 a, ajan Polis Nasyonal d Ayiti yo dejwe yon kidnapin ki t ap pral fèt sou plizyè moun ki te abò yon machin nan zòn Delma 40B. Youn nan otè zak yo mouri gras ak vijilans fòs lòd yo.

Aprè moun nan zòn yo te bay alèt sou zak la, PNH pat pran tan pou te deplase yon patwouy polis ki te rive echwe kou malfektè yo epi voye youn nan yo nan peyi san chapo. 2 lòt ki te akonpaye l yo rive sove, se sa nou aprann.

Premye enfòmasyon yo fè konnen abò machin sila te genyen 4 moun, pami yo 2 timoun. Bandi yo te louvri kout zam sou machin nan erezman tout sòti senesòf.

Yon lòt tantativ kidnapin PNH la rive fè koule ankò nan moman operasyon Tornade-1 an toujou ap dewoule nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, patikilyèman nan Delma ak Petyonvil, kote ensekirite a ap fè plis viktim chak jou pi plis, patikilyèman avèk zak kidnapin yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.