Lapolis dejwe yon tantativ kidnapin nan Torcelle 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis dejwe yon tantativ kidnapin nan torcelle 

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) dejwe ayè lendi 26 septanm 2022 a yon tantativ kidnapin nan zòn Torcelle aprè plizyè endividi ak zam te debake nan zòn sila pou dechèpiye byen kèk rezidan genyen anndan lakay yo. 

Atravè Direksyon Depatmantal Lwès la (DDO, nan sig fransè), plizyè ekip te debake nan Torcelle suit ak yon alèt ki te bay sou sitiyasyon an. Konsa, gras ak entèvansyon plizyè ekip PNH la sou plas yo te rive dejwe kou a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik Polis Nasyonal la (CPRP) enfòme sou rezo sosyal li yo, genyen 3 moun bandi ak zam t ap pare pou anlve yo, erezman asistans fòs lòd yo te gentan bay viktim yo gate konplo a. 

Youn pami viktim yo, ki genyen 35 lane, esplike kalte menas kriminèl yo fè sou li, aprè yo te fin fouye kay li pou vòlè sa li genyen anndan ki presye, yo menm te menase y ap retire vi l. Se gras ak entèvansyon lapolis la aprè yon alèt ki te bay ki fè sa pa pi mal. 

N ap raple depi kèk tan anyen prèske pa fonksyone nan zòn Torcellle ak Pernier aprè Vitelhomme Innocent te rantre nan yon konfli dirèk ak lapolis, nan mwa jen pase a. Men depi plis pase 1 lane, li pran 2 lokalite sa yo pami kèk lòt anba kontwòl san gwo difikilte. 

Ayè lendi 27 septanm nan anpil kout bal chante nan lokalite Torcelle ak zòn ki anviwonnen l yo, gang Vitelhomme nan ap pran teritwa pou wè si l ka mete anba grif li plizyè nouvo teritwa, pami yo Frères ak Belvil. Toutfwa nou aprann gen yin entèvansyon polis ki fèt kont gang sila lendi swa, men PNH la poko bay okenn detay sou sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.