Lapolis mande popilasyon an pou ede l bare bandi yo san vyolans

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis mande popilasyon an pou ede l bare bandi yo san vyolans

Polis Nasyonal Ayiti (PNH) nan yon konferans pou laprès nan kòmansman semèn nan sou konfimasyon lanmò chèf gang “Ti Makak”, te tou pwofite pwononse li sou dosye omwen 14 bandi lapolis nan Kanapevè te arete abò yon ti bis, pa laswit moun ki te sou plas t ap pral mete lapat sou yo, touye ak brile yo.

Pòt pawòl PNH la, komisè minisipal Gary Desrosiers deklare nan mikwo laprès, fòs lòd yo ki te sou plas te fè tout sa yo kapab pou arete endividi sila pou pou te trennen yo devan lajistis, men popilasyon an ki an kòlè te deside otreman.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« N ap pwofite tou pou nou di ak popilasyon an nou konprann sitiyasyon k ap travèse w la, e nou tout nan sosyete a viktim men kolaborasyon ke n ap mande a fòk li san vyolans » – Gary Desrosiers

Responsab la, yon lòt kote, enfòme lapolis rive jwenn plizyè zam, katouch, chajè zam ak telefòn abò veyikil endividi yo t ap sikile a. PNH deja anonse ouvèti yon ankèt apwofondi sou nouvo metòd gang yo itilize pou teworize popilasyon an: travèse katye an katye.

N ap raple depi kòmansman semèn nan, plizyè zòn nan lakou Pòtoprens te leve cho kou vè lanp akòz kout bal ki t ap tire. Kèk zòn tankou Pako, Tijo, Debisi ak Kanapevè, pou n site sa yo sèlman, te anvayi ak bandi. Popilasyon an nan zòn sila yo te deside pran sitiyasyon an men (ak lapolis) epi voye plizyè kriminèl nan peyi san chapo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.