Pa gen okenn garanti sekirite an Ayiti, daprè FBI

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
pa gen okenn garanti sekirite an ayiti, daprè fbi

Lapolis federal nan peyi Lèzetazini bay sitwayen ameriken yo gwo avètisman, patikilyèman sila ki rete nan sid Eta Florid yo, pou yo pa pile tè peyi d Ayiti paske pa gen pyès garanti sekirite la.

Biwo FBI ki nan Miami di li wè yon gwo ogmantasyon nan kantite kidnapin yo rapòte bay ajans lan, ak yon ogmantasyon 300% pou twa premye mwa ane sa a konpare ak menm peryòd la ane ki sot pase.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toutfwa ajans lan refize bay chif egzak li genyen yo, e li dirije avètisman li an patikilyèman bay sila ki rezide nan sid Florid yo, kèk nan yo te viktim anba gang yo nan peyi d Ayiti nan semèn ki sot pase yo, e yo te kidnape yo pou santèn milye dola kòm ranson.

Avètisman sila fèt nan moman fòs polis Ayiti yo, ki pa sispann viktim anba men bandi, ap fè fas ak plis atak nan kapital la Pòtoprens epi nan vil pwovens yo, daprè Sekretè Jeneral Nasyonzini an, António Guterres, ki fè konnen sitiyasyon aktyèl la pa bò isit sanble tèt koupe ak sitiyasyon peyi ki nan lagè yo.

António Guterres te di nan dènye rapò li bay Konsèy Sekirite Nasyonzini an, « Pèp ayisyen an kontinye ap soufri youn nan pi move kriz dwa moun depi dènye dizèn ane sa yo ak yon gwo ijans imanitè. Avèk kantite moun ki mouri epi ak ogmantasyon gang ak zam yo nan plizyè kwen teritwa a, ensekirite a nan kapital la rive nan yon nivo ki konparab ak sa ki nan peyi ki nan konfli ame yo ».

Pandan Konsèy Sekirite Nasyonzini an gen pou l rankontre Mèkredi sou sitiyasyon an Ayiti, António Guterres ta dwe relanse apèl li pou deplwaman san pran tan yon fòs militè entènasyonal sou teritwa a. Gouvènman ayisyen an ap fè demand sila depi fen lane 2022.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.