Lapolis met lapat nan kòlèt 12 dechoukè nan Nòdwès peyi a 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Lapolis met lapat nan kòlèt 12 dechoukè nan Nòdwès peyi a 

Yon douzèn jenn gason ki enplike nan dechoukay 2 enstitisyon katolik ak yon enstitisyon Leta, jwenn arestasyon yo 19 septanm pase a nan depatman Nòdwès peyi d Ayiti. Genyen ki te gen zam sou yo. 

Pandan divès sèn piyaj, lokal Caritas, ki nan ri Lavaud, lokalite Lapwent 2èm seksyon kominal Pòdepè, ak Biwo Pwoteksyon Sivil ki nan Founo, 4èm seksyon Pòdepè, pat epanye anba men kriminèl yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lapolis la enfòme tou, lokal sè Myriam yo se sèl etablisman yon senkantèn endividi te atake nan Pòdepè. 

Ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP) la enfòme popilasyon an pou evite plis dega lapolis te oblije fè entèvansyon rapid epi mete lapat nan kòlèt 12 endividi sa yo, genyen 2 yo menm arete yo anndan kay sè yo pandan yo t ap vòlè. 

Ajan Biwo Lit kont Trafik Estipefyan (BLTS) ki nan Nòdwès te reprann kontwòl sitiyasyon an nan lokal Caritas epi rekipere plizyè bagay moun sila yo te vòlè anndan enstitisyon an. 

CPRP souliyen pat gen manifestasyon nan moman ensidan, moun yo arete yo fè pati yon bann òganize ki te gen pou sèl objektif piye depo ak atake enstitisyon katolik yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.