Lapolis mete fen nan karyè 2 bandi ki ta pral ranfòse baz 400 mawozo a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis mete fen nan karyè 2 bandi ki ta pral ranfòse baz 400 mawozo a 

Ekip kominikasyon PNH la konfime jodi 19 oktòb la nan yon nòt, lanmò Kadhafi Anglade, 30 lane ak Shouldson Prédélus, 2 prezime asasen ki ta pral ranfòse gwoup kriminèl 400 mawozo a, selon detay yo aksyon an pase ayè madi 18 oktòb 2022 a nan zòn Mayi Gate, aprè anpil echanj kout bal. 

Toujou selon nòt la, endividi yo te genyen avi rechèch kont yo pou enplikasyon prezime yo nan plizyè zak kriminèl pami yo sasinay sou divès polisye, Kadhafi Anglade, ki genyen 30 lane ansanm ak Shouldson Prédélus, di lavi a babay anba kout bal ajan PNH yo, ayè madi 18 oktòb 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon Lapolis Nasyonal te genyen, mesye sa yo te gen misyon pou pote bay gang « 400 Mawozo » yo yon koutmen, ki dezespereman ap chèche ranfòse tèt yo. 

Pou fini nòt la a, ekip kominikasyon Lapolis la raple detèminasyon enstitsyon an ap renouvle chak jou pi plis epi kontinye pouswiv pou trase bann kriminèl sa yo yon fason pou mete yo deyò nan sosyete a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.