Lapolis nan Bozò Kwadèboukè dejwe yon tantativ kidnapin

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis nan bozò kwadèboukè dejwe yon tantativ kidnapin

Ajan Brigad Entèvansyon yo nan Bon Repo (BI) anpeche, byen bonè nan maten vandredi 16 jen 2023 a, yon tantativ kidnapin nan zòn Bozò, komin Kwadèboukè.

Se pandan yon patwouy nan zòn Bozò, ajan BI yo te entèvni byen vit aprè yo te sispèk ka kidnapin lan. Anba anpil kout bal, malfra yo pa t gentan reyalize objektif yo. Daprè enfòmasyon yo, prezime bandi yo ki te abò yon machin blan Toyota Hilux, te gen gwo zam fann fwa nan men yo pandan dram lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kanta pou viktim lan, li te abò yon machin nwa, se travay li ta pral travay lè mesye ak zam yo te eseye kidnape l, machin li an te chaje ak enpak bal sou li, toujou daprè presizyon PNH lan.

Gras ak vijilans ajan lapolis yo viktim lan rive jwenn fanmi l san twòp pwoblèm men malerezman prezime kidnapè yo rive chape poul yo .

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.