Vyòl : Ministè edikasyon pran gwo sanksyon kont pwofesè Philippe Decossard

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
vyòl ministè edikasyon pran gwo sanksyon kont pwofesè philippe decossard

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon nòt pou laprès, anonse anilasyon pèmi ansèyman Philippe Decossard kòm pwofesè lekòl aprè yo te fin akize li ta fè kadejak sou yon timoun 15 lane nan yon lekòl nan katye Dichiti, depatman Grandans.

Desizyon sa adopte pandan ministè levasyon an t ap tann otorite jidisyè yo pran yon desizyon sou dosye sa kont prezime enplike a, daprè sa ki ekri nan nòt Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, jou ki te madi 13 jen 2023 a, Brigad Pwoteksyon Minè (BPM) nan PNH la te arete Philippe Decossard ki te vyole epi pèdi yon elèv lekòl 15 lane. Arestasyon nonm lan te fèt nan 5èm seksyon Dichiti, komin Pestèl, nan depatman Grandans peyi a.

Pi lwen, MENFP ankouraje tout ajan edikatif yo pou yo kontinye sansibilize kòd kondwit lekòl la ak dokiman ki gen rapò ak règleman ki vize pou konbat vyolans sou tifi ak ti gason nan lekòl yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.