Lapolis nan Ench anpeche popilasyon an touye 4 prezime bandi

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis nan ench anpeche popilasyon an touye 4 prezime bandi

Lapolis nan vil Ench mete anba kòd 4 prezime bandi ki te abò yon bis ki t ap pran direksyon Okap kote yo jwenn zam nan men endividi sa yo pandan yon fouy ki t ap fèt sou machin yo te ye an. Divès manm popilasyon an te mete grif yo deyò pou te kapab pran yo epi egzekite yo.

Popilasyon Ench lan ki t ap asiste ak fouy sa, ta pral pote boure pou te kapab pran endividi sa yo nan men fòs lòd yo pou touye yo. Gras ak vijilans ajan PNH yo ki t ap akonpli devwa yo, popilasyon an pa rive masakre prezime bandi sa yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Polisye yo ki te sou plas pandan moman sa te oblije lanse gaz lakrimojèn epi tire anlè ak bal reyèl pou te kapab anpeche popilasyon an abouti ak sa yo te genyen kòm plan pou prezime bandi sa yo.

Pou kounya, mesye sa yo ap reponn kesyon nan yon Soukomisarya nan vil la nan kad ankèt ki deja louvri sou dosye sa nan lide pou jwenn pou kiyès endividi sa yo ap travay epi ki sa yo ta pral fè ak zam yo jwenn nan men yo an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.