Lionel Messi retounen nan antrènman avèk Paris Saint-Germain

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
lionel messi retounen nan antrènman avèk paris saint germain

Atakan ajanten an ki te gen yon sanksyon de semèn sou do l aprè vwayaj nan peyi Arabi Sawoudit li an semèn ki sot pase a, reprann chimen antrènman jodi lendi an daprè sa klèb fransè a anonse sou rezo sosyal yo.

Lionel Messi ki te absan nan gwoup antrenè parizyen an, Christophe Galtier, te konvoke pou jwe ayè dimanch lan kont ekip Troyes a nan Ligue 1 an, rejwenn ekipye l yo pou antrene nòmalman jodi lendi an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pulga a ki te mande klèb la ak tout ekipye l yo padon piblikman pou vwayaj sa li te fè nan peyi Arabi Sawoudit lendi pase a san otorizasyon direksyon PSG an, reprann aktivite li yo avèk klèb parizyen avan menm dat limit de semèn sanksyon yo.

Klèb parizyen an ki anonse retou nan antrènman nimewo 30 yo an sou rezo sosyal yo jodi lendi an, pa bay okenn detay pou enfòme piblik yo an sou sitiyasyon chanpyon dimond ajanten an ki te gen pou pase de semèn san patisipe nan okenn aktivite klèb la.

Rete pou nou tann si Pulga a ap nan lis jwè antrenè parizyen an, Christophe Galtier, ap konvoke pou pwochen match y ap gen pou jwe kont Ajaccio nan okazyon 35èm jounen Ligue 1 an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.