Demi final retou Lig dè Chanpyon an k ap mete bab pou bab Real Madrid ak Manchester City pa sispann mete dife sou rezo sosyal yo. Nan konferans pou laprès, teknisyen Citizens yo, Pep Guardiola, ak youn nan defansè ekip la, Kyle Walker, te pwofite pale nan mikwo laprès avan menm match la jwe nan Etihad Staduin lan, yon estad Manchester City pèdi yon sèl fwa ladan l sezon sa. Batay Sky Blues yo ak Madrilèn yo pwomèt anpil demen mekrèdi a.
Manchester City gen yon gwo misyon pou sezon sa ki se elimine Real Madrid nan Lig dè Chanpyon an. Nan sans sa, Pep Guardiola te bay enpesyon l sou klèb vil Madrid la ak sa l fè nan Manchester City pendan pasaj li.
“ M pa konnen poukisa Real fò konsa nan Lig dè Chanpyon an. Si n te konnen, m tap kopye metòd yo a ! M anvi di se paske yo toujou gen anpil gran jwè. Lè n te genyen tit sa ak Barcelone, nou te gen anpil gwo jwè”, deklarasyon antrenè Citizens yo.
Pi lwen teknisyen Espanyol la fè konnen : “ eritaj mwen ? Ap eksepsyonèl nenpòt sa ki ta rive. M konnen anpil bon moman nan klèb la, mwen pran plezi m. Moun yo ap kenbe nou te fè plis gòl olye nou pran anpil. Nou genyen anpil tit. Wi se yon gwo eritaj.”
Pou rankont demen an, ansyen antrenè Bayern Munich lan te reyaji konsa: “Nou konnen match la enpòtan anpil, menm pi enpòtan depi nou la. M pale ak jwè yo, m di yo pwofite moman, viv prezan. Nou gen yon chans, desten nou nan men nou.”
Yon lòt bò, jwè anglè a, Kyle Walker, te pwofite de konferans lan pou plase mo pa li. “Dènyè ane sa yo, nou montre nou se yon ekip ki toujou ap batay pou tit, nou gen konfyans. Se yon match ki enpòtan anpil pou tout ekip la. Nou konsyan klèb la bezwen tit sa, m kwè nou kapab enskri non nou nan istwa a.”
Facebook Comments